Evangelio del día – Lectio Divina Mateo 13, 1-9

Lectio Divina por Jacky Agéna de Haití/ República Dominicana

Bonjou frè ak sè mwen yo nan Jezi!
Mèkredi 26 jiyè 2017
N’ap sonje: JWACHEN AVÈK ÁN KI SEN,
Papa ak Manman Mari ki sen, ki Vyèj

ENVOKASYON LESPRI SEN
Vini, Lespri Sen, voye yon reyon limyè ou sot nan syèl la.
Vini, Papa pòv yo, vini, ou menm ki bay kado yo, vini, limyè kè yo.
Ou menm ki konsole nou si byen, ki abite nanm nou avèk dousè ou, frechè ki dous,
Nan travay ou se repo, nan chalè ou se frechè, nan lapenn ou se konsolasyon.
Limyè ki sen anpil, plen fon kè fidèl ou yo.
San pouvwa ou, pa gen anyen nan moun, anyen ki pa pèvèti.
Lave sa k’ sal, wouze sa k’ sèk, geri sa k’ blese.
Asoupli sa k’ rèd, chofe sa k’ glase, drese sa k’ kwochi.
Bay fidèl ou yo ki met konfyans yo nan ou sèt kado sakre yo.
Ankouraje bon kalite nan nou, bay lanmò delivrans ; bay kè kontan tout tan.

LEVANJIL SELON SEN MATYE 13, 1-9
Jou sa a, Jezi sòti nan lakay la, li chita bò lanmè a. Foul yo rasanble kote l’, si tèlman li blije monte nan yon batiman pou l’ chita; tout foul la te kanpe sou bò lanmè a. Li t’ap pale avèk yo anpil nan parabòl, li t’ap di:
«Sila a k’ap simen an sòti pou l’ simen. Pandan l’ap simen an, gen kèk grenn ki tonbe sou bò wout la, zwazo syèl yo rive, yo manje yo. Dòt menm tonbe nan teren wòch, kote pa t’ gen anpil tè; menm lè a, yo pouse, paske yo pa t’ gen tè ki fon; lè solèy la leve, chalè l’ boule yo, epi kòm yo pa t’ gen rasin, yo seche. Dòt menm tonbe nan pikan, yo grandi avèk pikan yo, ki toufe yo. Dòt ankò tonbe nan bon tè; yo bay fwi, yon pòsyon san fwa plis, yon lòt swasant fwa plis, yon lòt trant fwa plis.
Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».
*An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.

Lekti: Kisa tèks la di?
Jezi sòti nan lakay la, li chita bò lanmè a. Foul yo rasanble kote l’. Li t’ap pale avèk yo anpil nan parabòl. Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».

Selon tèks la, ki pawòl ou fraz ou atitid ki atire atansyon ou?

MEDITASYON
Kisa Bondye di mwen atravè tèks la?
Kòm disip-misyonè, mwen dwe koute pawòl Bondye, mwen dwe mete mwen nan lekòl Jezi. Aprè mwen fin koute lansèyman Mèt la, mwen dwe dispoze pou mwen ale fè misyon pou li, mwen dwe tounen apot. Mwen dwe kite pawòl Bondye a transfòme lavi mwen, paske se atravè lavi mwen, atitid mwen, konpòtman mwen pou mwen temwaye kilès Bondye ye. Tankou Jezi, mwen dwe aprann sòti nan mwen menm, mwen dwe aprann kite espas kote mwen santi mwen pi alèz la pou mwen sòti al rankontre frè ak sè mwen yo.
Jezi gen abitid pale an parabòl, e se metòd sa li itilize nan kontèks jodi a.
Semans la, se Pawòl Bondye a, e moun k’ap simen an se Jezi menm. Li pa chèche simen nan bon teren pou li jwenn yon bon rekòt. Li vini «pou tout moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l’ an kantite» (Jan 10, 10). Se pou sa li pa mezire semans li a, li simen «sou bò wout la» (Mt 13,4), «nan teren wòch» (v.5), oubyen «nan pikan» (v.7), e finalman « nan bon tè» (v.8).
Konsil Vatikan II di nou: «yo konpare pawòl Bondye a ak yon semans: moun ki koute avèk lafwa e ki fè kò ak ti twoupo Kris la, se moun ki akeyi Wayòm nan. Grenn ki tonbe nan tè a, li leve ak pwòp fòs li, li jèmen e li devlope jous pou rive nan rekòt la» (Lumen gentium, n. 5).
Jodi a, nan okazyon fèt Jwachen ak Án ki sen (papa ak manman Lavyèj Mari, grann ak gran papa Jezi), se yon bèl okazyon pou nou sonje grann nou yo, ak gran papa nou yo. Se gras a yo menm nou gen lavi. Se yo menm ki rasin nou.Yo gen dwa pa t’ konn li ak ekri, men yo te ba nou anpil leson pou lavi (ki pi enpòtan pase sa).Gran paran nou yo ka pa konnen ki sa yon «Smartphone» ye, men yo konnen sa yo rele sajès. Yo te aprann nou enpòtans lafanmi.

La Palabra de Dios me invita a tener una actitud de discipulo que escucha a su Maestro (Jesús) que habla desde el lenguaje de las realidades que me rodean. Jesús me invita a dejarme transformar por su Palabra, y que pueda ser misionero del Amor y de la Misericordia Divina, saliendo de mi círculo de comodidad al encuentro de mis hermanos y hermanas. Señor, que mi corazón un terreno generoso para recibir la semilla de la Palabra de Esperanza!
Selon mesaj Pawòl Bondye pou jodi a, ki meditasyon oubyen refleksyon pèsonèl ou kapab fè?

LAPRIYÈ
Kisa m’ap di Bondye?
Granmèt, Bondye Papa nou yo, ou menm ki te fè Jwachen avèk Án ki sen gras sa a pou Manman Pitit ou a ki pran chè a te fèt nan yo, tanpri, gras a priyè yo toulede, fè nou jwenn sove a ou te pwomèt pèp ou a. Fè nou ouvri kè nou pou nou akeyi richès Pawòl ou a. Pa pouvwa Jezikri.
Selon mesaj Pawòl Bondye, ki lapriyè pèsonèl ou kapab fè?
.Chak moun kapab fè yon ti lapriyè

KONTANPLASYON
Kòman mwen kapab enteryorize mesaj la?
N’ap repete ansanm:
«Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».
«Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».
«Moun ki gen zòrèy, pou l’ koute, se pou l’ koute».

AKSYON
Kijan mwen kapab angaje mwen?
Jodi a m’ap rann grann mwen oubyen granpè mwen yon ti sèvis. M’ap eseye sonje tout prensip yo te ban mwen. Si yo mouri, m’ap lapriyè pou Bondye akeyi yo nan Wayòm li.
Nenpòt granmoun ki bò lakay mwen oubyen moun mwen rankontre sou wout mwen, m’ap rann li yon ti sèvis nan fason mwen kapab.

Acerca de Cristonaut@s FRP

Ver tambíen

Evangelio del día – Lectio Divina Marcos 3, 20-21

Lectio Diviniemos Sábado 20 de Enero de 2024 Sábado II Semana Tiempo Ordinario Jorge Ortiz …

Deja una respuesta

× WhatsApp / Cristonautas - Clic aquí