Evangelio del día – Lectio Divina Mateo 11, 20-24

Lectio Divina por P. Frandy Jean Louis de Haíti

Martes de la XV semana del Tiempo Ordinario, B

0- Invocación al Espiritu Santo:
O Lespri Sen vini non konble pitit Bondye yo. Ou Lespri Bondye Papa a, ou Lespri Pitit la tou. Vini Klere nou ak klète ou, fè nou fò avèk fòs ou soutni nou nan dwa chemen, konsole nou ede nou.

1- Lectura: Evanjil Matye 11, 20-24
Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l te fè pifò mirak li yo repròch, paske yo pa te tounen vi n jwenn Bondye. Li di yo: Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vi n jwenn Bondye. Se poutèt sa map di nou: Jou jijman an, ya pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Nou menm tou, moun lavil Kafanawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, ya desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jodi a. Se poutèt sa map di nou: Jou jijman an, ya pini nou pi rèd pase moun lavil sodòm yo.
Pawòl Granmèt la

2- Meditación: ¿Que nos dice el texto?
An nou reflechi ansanm sou pawòl Bondye a…
Mesaj ki devlope nan moso Levanjl sa a, se yon mesaj ki pale nou de konvèsyon-chanjman. Jezi adrese l a moun ki koute pawòl la ki pa mete l an pratik ak moun ki pa kwè nan mirak li fè yo pou l di yo sa ki pare pou yo lè tan an va rive nan bout li. Se yon avètisman li tap bay moun lavil Korazen ak moun lavil Betsayda nan sa ki gen rapò ak mank lafwa yo nan mirak li yo ak nan ansèyman li yo ki ka lakoz yo jwenn gwo pinisyon li tan an va fini. Li avèti yo pinisyon yo ap rèd si yo pa tounen vi n jwenn Bondye. Selon repròch Jezi fè yo, yo ka jwenn anpil pinisyon pase moun nan lòt lavil yo pa ta imajine. Nan menm moso Levanjl sa, Jezi adrese l tou a moun lavil Kafanawòm yo ki, selon li menm panse yo pi bon pase anpil moun nan lòt lavil yo. Li fè yo konprann ke si yo kwè yo fi n pare pou jijman an, e ke yo pa bezwen chanje lavi yo oubyen yo pa bezwen konvèti pou yo tounen vi n jwenn Bondye, se ogèy ki nan kè yo. E sa ka lakoz yo desann yo jouk anba kote mò yo ye a olye yo leve yo anlè nan syè la jan yo espere sa. Konsa, si yo pa pran konsyans de reyalite lavi yo nan tout sa yap fè ki pa bon, ki pa nan volonte Bondye yo kapab rete deyò wayòm syèl la lè Jezi retounen pou jije tout moun.

3- Oración:
Bondye Papa nap di w mèsi pou tout sa w fè nan lavi nou. Mèsi pou tou sa w pèmèt nou reyalize. Pou benediksyon ak proteksyon ou ki toujou konble nou, pou pawòl ou a kap chofe kè nou chak jou, nou di w mèsi. Pawòl ou pou jodi a envite nou pran chemen konvèsyon pou nou kontinye fè sa w mande n fè etan nap kase tèt tounen vi n jwenn ou lè peche fè nou pèdi chemen ou trase devan nou pou n swiv ou a. Nap mande w Granmèt ede n chak jou pi plis pran wout konvèsyon pou n chanje lavi nou e pou n ede prochen nou chanje lavi yo tou. Tanpri Granmèt soutni nou sou wout la e kenbe men nou pou dirije nou jis nou rive nan wayòm syèl la. Nou mande w sa pa pouvwa JeziKri Granmèt nou an. Amèn

4- Contemplación:
Se enpòtan pou n konnen ke chanjman ak konvèsyon Bondye mande pou n fè a ke se pa yon chanjman sou aparans oubyen sou lafòm; men se yon chanjman ki dwe fèt anndan nou. Sa vle di, nan fon kè nou. Se nan kè nou pou n gade pawòl Bondye a e mete l an pratik etan nap chèche viv nan imilite-senplisite ak tout moun.

5- Acción
Jezi te pale ak moun lavil Korazen ak moun lavil Betsayda épi moun lavil Kafanawòm pou fè yo konprann kijan yap viv lwen Bondye poutèt yo manke lafwa. Jounen jodi a se avèk tout kretyen lap pale, tout moun ki batize e ki vle swiv li. Se avèk mwen, se avèk ou, se avèk nou tout lap pale. Malerezman eske w se moun lavil Korazen, Betsayda, Kafanawòm? Ann antre nan fon kè nou pou n wè moun ki kote nou ye e kijan nap viv ak Bondye.

Acerca de P. Frandy Jean Louis

Ver tambíen

Evangelio del día – Lectio Divina Marcos 3, 20-21

Lectio Diviniemos Sábado 20 de Enero de 2024 Sábado II Semana Tiempo Ordinario Jorge Ortiz …

Deja una respuesta

× WhatsApp / Cristonautas - Clic aquí